Tigwav: Denonsyasyon sitwayèn kont ansyen polisye revoke Jerry Acange Anderson Leconte, pou zak asasinay jounalis Crib Ricardo

931

01-07- 2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Divès sitwayen Tigwav, nan yon entèvyou ak laprès après midi 6 janvye 2023 a, pa mete dlo nan bouch yo pou denonse ansyen polisye revoke Jerry Acange Anderson Leconte, yo di ki se otè zak asasinay ki fèt sou jounalis Crib Ricardo. 

Sitwayen sa yo ki deklare li pa nòmal pou Jerry Acange Leconte pran plezi ap detwi la vi jèn nan sitiyasyon sa a. Tigwavyen yo ki presize asasinay jounalis Ricardo Crib la, se dènye gout dlo kap chavire vaz la.

Toutfwa, yo mande yon leve kanpe nan popilasyon an, yon fason pou fòse otorite yo nan lapolis ak lajistis mete kòd nan kou prezime asasen an ki se Jerry Acange Anderson Leconte. “Fòk sanginen an jije e answit pini pou yon parèy zak malonèt li komèt sou popilasyon tigwavyèn nan”, daprè denonsyatè yo.

Paralèlman, denonsyasyon sitwayen yo ale pi lwen pou mande jistis ak preparasyon pou fanmi jounalis Ricardo Crib.

Nap raple Ricardo Crib se te yon jounalis-animatè mizik rap nan Radyo Planèt Vibrasyon nan vil Tigwav. 

JOICY Arnold

Comments are closed.