Majistra komin Dam Mari a, Michel Guerlens denonse yon gwoup nèg ak zam kap ransone moun kap frekante zònn lan.

297
0
Share:
TRiboLAND

04 – 21 – 2024

Dam Mari, Ayiti____ (TRiboLAND) Majistra komin Dam Mari an, Guerlens Michel ki tap entèvni nan mikro TRiboLAND, denonse ak tout fòs li, yon gwoup nèg ak gro zam otomatik, sou wout Dam Mari an. Yo  bwake zam tout lajounen kou lannwit sou moun kap frekante zònn lan, alòske anpil enkyetid anvayi popilasyon ki santi yo genyen yon kò gang kap pran jarèt nan kontre a.

Guerlens Michel, mande responsab polis Grandans lan, Louis Edner Yacinth, pou aji vit e mete patwouy polis anmach, yon fason pou garanti lib sikilasyon sitwayen yo ak moun kap vwayaje sou wout Dam Mari an, pou travèse lòtl zònn yo nan Grandans.

Share:

Leave a reply