Pastè Jean Claude Thervil denonse ak tout fòs li pasivite otorite yo nan Pòdpè pandan sezon siklonik lan.

510
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Atravè yon konferans pou Laprès jounen samdi 14 jen 2025 lan, Pastè Jean Claude Thervil, reprezantan Sosyete Sivil la nan vil Pòdpè, di li gen gwo kè sote, lè li ap konstate eta lamantab depatman Nòdwès la, anpatikilyèman site Kapwà Lamò a pandan sezon siklonik la.

Responsab eklesyastik la, ki tap fè yon radyoskopi sitiyasyon an, estime kanal yo pa netwaye, lari a chaje kouleba ak fatra labou, e basen vèsan yo menm se tèt chaje. Kidonk, pou fondatè Legliz Béthanie a, tout kondisyon yo sanse reyini pou depatman Nódwès, Pòdpè anpatikilye pa epanye pandan peryòd siklonik la.

Pastè Jean Claude rapousib pou di, nan peryòd siklonik, gen 3 faz ki se : avan, pandan ansuit aprè siklòn. Tout faz sa yo sanse neglije pwiske ni Lameri, ni TPTC, ni direksyon Anviwonman, e ni Pwoteksyon Sivil, yo tout kwaze ponyèt yo ap tann yo lòt deblozaj dramatik nan Metwopòl Nòdwès la ki pa menm kapab sipòte 2 zèd tan lapli.

Angro, Rev. Pastè Jean Claude Thervil, lanse yon SOS bay otorite Lameri yo, TPTC, Anviwonman, e Pwoteksyon Sivil pou yo alète otorite Pòtoprens yo sou malè ki pandye sou tèt Nòdwès peyi a, nan moman oken dispozitif pa pran nan kad preparasyon pou sezon siklonik lan.

Share:

Leave a reply