Fidèl nan Legliz Katilok Sen Mak la, mande pou pè Venel Suffrad mache pòs li

417
0
Share:
TRiboLAND

Sen Mak – Ayiti (TRiboLAND) Yon group fidèl katolik nan komin Sen Mak, deside fè vwa yo pase lè yo fè yon pote boure manu-milirari, pase kadna nan pòt legliz la; objektif yon parèy sòlòkòtò, se anpeche klèje a ak tout paroisyen yo antre; se devwale egalman yon seri iregilate grav kap pase anndan administrasyon eklezyastik la.

« Nou vle yon Legliz ki djanm e ki ap sèvi Bondye tout bon vre; pa yon kote ki chaje ak abi san konte mouvman mèt dam ki pa genyen oken transparans”. Kidonk, depi yon bon bout tan, anpil kontrovès te deja ap fè bouch lonje sou jesyon resous enstitisyon katolik la. Mefyans ak desizyon inilaterèl te ede fidèl yo konprann ke yo pran nan woulo.

Manifestan yon estime ke yo pa mete sou pye yon mouvman revòl, men se yon avètisman pou genyen bonjan refòm serye ki fèt nan enstitisyon an. Legliz ta dwe yon kote, ki pa genyen misyon espirityèl pou rine fidèl yo. “Yo ensiste, si tout fwa pa genyen entèvansyon Gran Oryan legliz la, deblokaj sistèmatik legliz la, pat fè yon pa kita, e yon pa nago”.

Fas ak yon parèy “operasyon pase kadna”, responsab legliz la, ki se kire Venel Suffrard ak tout dyosèz Gonaiv la pa mande ki mò ki touye lanperè, nan kad yon repons ofisyèlman sou sitiyasyon sila. Alòske presyon yo pa sispann miltipliye. Anpil je bwake sou responsab yo, yon fason pou pwosede ak deplwàtonaj kriz sila ki mete youn nan pawàs prestijye depatman Latibonit lan, nan ti soulye li.

Share:

Leave a reply