Pòdpe/Dosye Ti Pèsonèl lopital Imakile Konsepsyon an refè sifas

445
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpe, Ayiti______(TRiboLAND) Ti Pèsonèl ki afekte nan opital Imakile Konsepsyon an, nan vil Pòdpè, toujou ap plenyen sou fason ministè Sante Piblik ap trete yo.

Gen sa ki deklare y’ap travay nan bwàt la depi 5,10 pou rive 15 lane san lèt nominasyon.Gen lòt ki fè kwè menm lè y’ap travay, ministè a pa konn egzistans yo, sa vle di, li pa peye yo answit gen enfòmasyon ki fè kwè yo pral revoke yo.

Kontakte direktè depatmantal Sanitè Nòdwès la, Dr Métélus Héribert sou yon parèy dosye, li fè nou konnen li okouran dosye yo e li pral fè jefò pou rezoud pwoblèm nan. Kidonk, li pral fè swivi yo pou pèmèt moun sa yo jwenn nominasyon yo answit touche fòs kouraj yo.

Direktè sanitè Nòdwès la, Dr Métélus Héribert, fini pou’l di “lopital Imaklie Konsepsyon pa gen benevola ankò. Se swa yon anplwayè kontraktyèl oubyen li gen lèt nominasyon l anba ponyèt li”.

Pandan direktè a ap tann kolaborasyon Ti Pèsonèl yo, li mande tout moun ki malad pou yo pran chimen lopital Imaklie Konsepsyon, pi gwo Sant Sante depatman Nòdwès la.

Share:

Leave a reply