Yon Majistra tèt cho menase yon seri sekouris kolonbyen ki te antre pou ede popilasyon Grandans lan

1,690

08/19/2021

Jeremi______(TRiboLAND) Polis Nasyonal nan Grandans oblije vit e pwese evakye plis pase yon kenzèn sekouris kolonbyen ki te antre nan Jeremi pou bay supò yo ou asistans apwè gwoudou gwoudou 14 out 2021 akoz menas ke yo tap resevwà sou pwetèks se yo menm ki te asasine ansyen pwezidan Jovenel Moise.

Etranje sa yo te egzije otorite responsab yo retire yo nan Grandans apwè ke yo te apran avèk anpil konstènasyon  

majistra vil Jeremi a ki pote non Thama te pran radyo pou alète popilasyon an e akize sekouris kolonbyen yo kòm moun ki te responsab lanmò Jovenel Moise.

Konsa, majistra tèt cho a te kreye yon ostilite ant popilasyon an avèk konlonbyen sa yo ki te pote supò imanitè yo bay pèp ayisyen an nan kad rapò ou relasyon istorik ki mare peyi Dayiti ak Kolonbi ke nenpòt bagay pa kapab kraze. Gen kritik ki estime ke majistra a depase limit li; e moun ki te nan bezwen yo te dwe fòse majistra debleye ou fè travay sekouris yo te gen pou fè pou sove malere ki alagoni anba dekonm yo.

Se pa de mizè ak mechanste yon pakèt lòt peyi kolon fè Ayiti pase jiskaske yo okazyone ayisyen mouri pa pakèt; eske sa vle di misyonè ki soti nan peyi sa yo ki toujou antre pou ede Dayiti dwe responsab zak leta sa yo? Okontrè malgre sa, nou kontinye ap pwan sèvis ou resevwà èd tout kalite nan men yo.

Pou kèk moun, youn nan bagay ke majistra tèt cho a bliye; vi moun ki anba dekonm ki  bezwen lavi yo genyen menm enpòtans ak vi Jovenel Moise.

Comments are closed.