Lapopo nan Sen Mak mare kon krab twà gro koure bandi

12 – 02 – 2024
Sen Mak, Ayiti_____(TRiboLAND) Lapopo fouke twà gro koure bandi nan vil Sen Mak aprè ke yo te fè yon entèvansyon jarèt tranble nan yon rezidans ki te an konstriksyon, selon yon kominike responsab kominikasyon pou afè piblik enstitisyon PNH la mete deyò.
Fòs sekirite PNH yo arive fouke sangwen yo nan yon lokalite ki pote non Janton, seksyon kominal Sen Mak. Me non annafè yo: Eddy Orius ki genyen laj 37 lane, soti nan Ti Rivyè Latibonit; Diego Aristène, 42 lane, soti nan Macha Desalinn; alòske Daniel James, 44 lane, li se moun Ti Rivyè Latibonit egaleman.
Antouka, lapolis ki ta sanble ke li sou batay jiskobou, te mennen yon lòt sòlòkòtò nan yon lòt lokalite ki rele “Pon Tanbou”. Yo arive konfiske yon pistolè mak “Remingto” ak yon latriye katouch. Nan moman sa, 3 bandi sangwen yo trouve yo nan gadavi pou swit legal yo.






