Gang sangwen ame pran daso APN : yon ajan sekirite mouri e 2 lòt moun blese

2,097

06-17-2022

Pòtoprens, Ayiti______(TRiboLAND) Bandi sangwen ame jous nan dan anvayi lokal Authorité Portuaire Nationale (APN) yèswà jedi 16 jwen 2022 a. Youn nan objektif promòdyàl yon parèy atak, se fè dap piyanp sou yon biznis prive (Caribbean Port Service) ki  rele fanmiy Baussan chèmèt chèmètrès.

Atak sa ki te trè ansanglante e ki genyen anpwent gang ame Lasalin, entèn souf yon malere ajan sekirite e blese 2 lòt moun.

Atak gang yo ap miltipliye chak jou ki jou; yon seri agresivite ki vize pou pran kontròl divès enstitisyon yon peyi ki genyen egalman yon leta koupyon ki an konplisite ak yon gouvènman gang ki jwen benediksyon yon fraksyon nan kominote entènasyonal la kap bay gang tete.

Konsa, pou yon pakèt moun, miltiplikasyon atak gang fawouch sila yo, ta sanble genyen anpil pou wè avèk renouvèlman prezans BINUH anndan peyi Dayiti.

Comments are closed.