Sen Mak: enstalasyon Herby Dalencourt nan otorite pòtyè nasyonal (APN) la nan pasaj

0 453

Sen Mak___(TriboLAND) Abitan nan vil Sen Mak, depatman Latibonit lan kanpe an kwa devan enstalasyon nan tèt APN ansyen delege depatmantal la, Herby Dalencourt.

Herby Dalencourt

Moun ki tap pwoteste kont Mesye Dalencourt yo te an majè pati militan PHTK ki tap voye gwo toya sou ansyen delege depatmantal Latibonit lan. Yo repwoche direktè anpeche a kòm moun kap vinn pran woulib nan batay militan PHTK te fè nan moman peyi lòk la.

Antouka, baz PHTK lage koukouwouj nan kò Mr Dalencourt e yo mande aske pwezidan Jovenel Moise pou li rebat kat la paske Mesye Dalencourt, ki se yon natif natal gonaiv ki pa lite ase pou yon tèl pòs kòm direktè APN nan vil Sen Mak. Yo pap asèpte tewori bourik konte chwal galonnen an!

Leave A Reply