Gilbert Dragon, youn nan mèsenè pwezume koupab nan asasina pwezidan Jovenel Moise la mouri ak kovid

187
0
Share:
TRiboLAND

Pòtopwens_______(TRiboLAND) Gilbert Dragon, youn nan pwezume asasen pwezidan Jovenel Moise la, mouri jodi mèkredi 17 novanm 2021 an nan yon lopital nan kapital la.

Selon yon sou otoritè ki vle rete anonima, pwizonye a mouri nan enfeksyon kovid, espesyàlman nan selul kote ke li te inkasere a pil sou pil nan yon ti kazye twà wytyèm ki chaje ak pwizonye anndan Penitansye Nasyonal. Dragon nan dènye jou sa yo te nan yon eta deploràb, responsab yo te neglije pwokire li swen apwopwiye pou sante li ki tap deteryore.

Menm sous la konfime ke yo pran anpil tan pou te kouri lopital ak Gilbert Dragon ki ta sanble li rive byen ta nan lopital la. Anpil nan pwizonye sa yo ki te pataje selul la ta sanble nan wout pou enfekte egalman anba kowona.

Pwezime konplotè nan asasinay Jovenel Moise la te genyen 52 rekòt. Li mouri san jijman.

Share:

Leave a reply