Fanmi Demosthènes ke yo te asasinen nan Rabèl, denonse otorite lajistis yo nan Jiridiksyon Nódwès la

448
0
Share:
TRiboLAND

Jan Rabèl, Ayiti______(TRiboLAND) Fanmiy Fradel Demosthènes, nan Jan Rabèl, kontinye ap mande jistis, pou pitit gason yo, 42 lane ke nèg Jan Rabèl te asasinen anndan yon lekól, nan dat 10 septanm 2022.

Malgre kriminèl yo ap fè prizon, sa pa anpeche fanmiy bouwo yo ap menase ansuit pèsekite yon kouzen defen an, pwofesè Delivrance Sterling, kap batay pou fanmi viktim nan jwenn moso jistis.

Jounen mèkredi 28 me 2025 lan, pwofesè Delivrance Sterling, aktwèl direktè Lise Louis Joseph Janvier a, nan Jan Rabèl ki t ap viv nan mawon, oblije mete tèt li deyò. Akonpanye avoka l, mèt Kelly Dubréus, pwofesè Delivrance reponn kesyon jij Andal Jean Baptiste, nan tribinal Premye Enstans Pódpè a.

Konsa, genyen moun ki estime ke otorite lajistis yo kite bourik la, yap bat makout! Genyen lòt ki konfime ke Fradel Demosthènes, te inik sous fanmiy li. Li mouri kite madanm ak 2 pitit ki pako ka reprann chimen lekòl akoz sitiyasyon ekonomik fanmiy lan.

Li enpòtan pou nou raple, selon kèk obsèvatè, Jan Rabèl se yon komin, kote anpil krim anrejistre. Majorite moun ki viktim yo pa janm jwenn moso jistis ak reparasyon akoz relasyon zanmitay ki toujou egziste ant fanmiy kriminèl yo ak otorite lajistis yo nan Jiridiksyon Nódwès la.

Share:

Leave a reply