Dèy nan komin Basen-Ble : 2 jèn gason pèdi lavi yo nan yon aksidan sikilasyon sou wout Pòdpè/Basen-Ble a.

571

Stanley ak Sonley, se 2 jèn gason ki pèdi lavi yo, nan yon tèrib aksidan sikilasyon sou wout Pòdpè pou rantre Basen-Ble , jounen samdi 10 jen 2023 a.

06-10-2023

Basen-Ble, Ayiti____(TRiboLAND) Kantite aksidan yo ap reyèlman ogmante nan dènye jou sa yo, sou twonson wout Pòdpè pou rantre Gonayiv la. Etanley ak Sonley, se 2 jèn gason byen djanm ki rive pèdi lavi yo jounen samdi 10 jen 2023 a, nan yon tèrib aksidan motosiklèt, pandan yo tap sòti Pòdpè pou rantre Basen-Ble.

Enfòmasyon ki rive jwenn TRiboLAND, fè kwè 2 ti mesye yo te sou motosiklèt; konsa, yo al antre nan yon miray toupre zòn Nan Wozye, sou twonson wout Pòdpè-Basen-Ble a. Kidonk, nan moman aksidan an, yonn nan jèn mesye sa yo ta mouri sou plas e lòt la arive pèdi lavi li, pandan mannèv tap fèt pou retounen Pòdpè pou moso laswenyay medikal.

Stanley ak Sonley te sou motosiklèt, yo te soti achte rad pou nan okazyon antèman tonton yo, daprè sa fanmiy defen yo ta konfye TRiboLAND. Pou moman sa, 2 jèn gason sa yo ki nan mòg, plonje kominote Basen-Ble a nan pafèt dezolasyon san konte fanmiy yo ki pa konnen ki sen pou yo rele.

Comments are closed.