Jeremi : Dieumètre Theodor yon pwezine kriminèl ki fè tantativ pou touye tèt nan gad avi pakè a.

08 – 15 – 2026
Jeremi- Ayiti( TRiboLAND) Dieumètre Theodor se kriminèl nan lokalite Gebo, Jeremi ki te ponyade madanm li, nan kad yon diskisyon. Tout swit aprè Dieumètre te finn komèt krim lan, misye te sove kite zonn lan pou al pwan refij li lòt kote; malerezman jou a pat jou Dieumètre, li te rankontre zo grann li. Abitan yo te pwosede ak arestasyon li kòm je enkoni, e remèt li bay lapolis.
Se konsa, lapolis pat pwan tan pou te defere pwezime asasen Dieumètre bay komisè gouvenman Jeremi an, mèt Jean Marie Geatjeen Alexandre pou te tande li sou zak ke li te komèt sou pwòp madanm li. Se konsa, nan moman Dieumètre Theodor te nan kalabous la, li tap tante koupe gòjèt li ak yon moso boutèy.
Osito bwi tantatif pwezime kriminèl la pou swiside tèt li, rapidman komisè gouvenman an te pase enstriksyon ak polisye ki te sou plas, pou te transpòte an ijans Dieumètre Theodor nan lopital Sentantwann Jeremi pou pwan swen ka li nesesite.
Nap raple, komisè gouvenman an tr pran swen pou li te swete Dieumètre Theodor bon retablisman yon fason pou li kapab al reponn kesyon lajistis pou krim ke li ta komèt sou pwòp madanm li.






