Mèt Caleb Jean Baptiste pase yon move moman anba men nèg ak zam manch long nan Pòtoprens.

276
0
Share:
TRiboLAND


05 – 03 – 2024

Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Bandi nan kapital peyi Dayiti sòti pou vide dlo nan diven Mèt Caleb Jean Baptiste. Yon gwoup gang pèsòn pa rive idantifye ak gwo zam manch long, penetre rezidans avoka mèt Caleb Jean Baptiste, nan dat 02 me 2024 la, pou yo wonfle li ak baton.

Mèt Caleb Jean Baptiste k’ap kriye 2 ran dlo 2 ran larim, atravè yon odyo k’ap sikile sou rezo sosyal yo, sèmante sèt fwa swasant disèt fwa, se swa li ki te peyi a oubyen li touye tèt li.

N’ap raplew depi kèk jou, Mèt Caleb Jean Baptiste pa sispann pran pozisyon swa nan zafè politik nan peyi a, swa nan domèn lajistis pou defann Dwa sila yo ki fè fèb yo.

Share:

Leave a reply