ANARH ap mande jistis pou asasinay 2 jènn talan ayisyen: Nancy ak Sébastien

301

Pòtopwens____(TRiboLAND) Nan yon nòt protestasyon ke li fè sòti jodi dimanch 28 jwen 2020 an, Association Nationale des Artistes Haitiens (ANARH) proteste avèk tout kouraj li kont krim repinyan sa ki arive fèt sou 2 jènn dansè ayisyen pa trò lontan.

ANARH mande yon ankèt bwit sou kou e san pèdi tan nan dilatwa yon fason pou fanmiy ti inosan sa yo kapab jwenn jistis.

Nancy Dorléan ak Sébastien Jean se non 2 jènn talan ki mouri nan yon sikonstan repinyan ak lawont ki montre nan ki nivo babar ke sosyete ayisyènn nan rive. Kriminèl ki pa idantifyàb te arive kidnape yo, asasine yo e bwile yo trajikman san fwa ni lwa, dapwè piblikasyon nòt ANARH la ki kwè jènn atis sa yo te genyen anpil pou kontribye nan kilti ayisyènn nan.

Comments are closed.