150 lane edikasyon ak sèvis : Fiy Lasajès yo nan vil Pòdpè pare pou yo al fè koze.

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Desanm 2025 ki pral pwente la a, pral fè “Fiy Lasajès” yo 150 lanne depi yo te debake nan Pòdpè, depatman Nòdwès, nan objektif pou fè edikasyon an cheval batay yo; sa vle di lè yon moun di Notre Dame Du Perpétuel Secours (Kay Sè), nan vil Pòdpè, ou tou di “Edikasyon”. Se te Pè Marie Grignon De Montfort, yon prèt monfòten, ki te fonde kongregasyon sila a.
Nan okazyon 150 lane enplemantasyon yon parèy bwàt edikasyonèl, anpil sòlòkòtò prevwa fèt, tankou: konkou jeni annèb, tounwa, jou nan kolè, baskètbòl ak anpil lòt latriye aktivite ki pral bay plis evennman an plis ekla ak jarèt. Deja, obsèvasyon yo deja montre anpil mobilizasyon pa sispann vale teren nan Metwopól Nòdwès la.
Gran beny lan, se va demen dimanch 25 me 2025 lan, k ap tonbe bab pou bab ak Fèt Manman, ki genyen pou selebre nan Collège Notre Dame De Lourdes (Kay Pè a), kote pral gen defile, parad nan lari Pòdpè akonpanye Fanfa. Kidonk, aktivite kiltirèl, animasyon melanje ak espektak pral fè mikalaw, selon Konsèy Direksyon an ak tout ekip òganizatè kap jere kesyon 150em rekòt la.






