Doktè Isaac Archélus ak Miss Nerline Joachim tounen Pòdpè: yon viktwa mobilizasyon pèp Nòdwès la

Pòdpè, Ayiti _____(TRibolAND) Apre plizyè jou nan men ajan BLTS yo, Doktè Isaac Archelus ak Miss Nerline Joachim retounen lakay yo jodi dimanch lan nan vil Pòdpè. Resepsyon pèsonèl sante sa yo pat pase inapèsi. Plizyè santèn moun te mobilize sou wout Lavo pou rive Pòdpè pou montre solidarite ak sipò pou sa yo konsidere kòm viktim yon enjistis flagran.
Minis Sante Piblik la, Doktè Sinal Bertrand, te deplase an pèsòn pou remèt pèsonèl medikal sa yo bay kominote a. Nan entèvansyon li, Minis lan deklare:
“Liberasyon sa se yon liberasyon d’État, menm si arestasyon an li menm te ilegal. Nou pa ta renmen wè zak konsa repete kont moun kap sèvi pèp la ak devouman.”
Deklarasyon sa a mete aksan sou volonte Leta a pou retabli jistis, e mete fen nan pratik ilegal ki mete lavi ak repitasyon pwofesyonèl sante yo an danje. Minis lan tou mete presyon sou otorite lapolis ak jistis pou pi gwo respè dwa moun, sitou pou sila kap bay tèt yo pou sove lavi lòt.
Reyaksyon popilasyon an te chaje ak emosyon. Anpil nan yo tap kriye, chante, leve flash telefòn ak fèy bwa anlè kòm siy rekonesans. Asosyasyon pwofesyonèl sante yo, òganizasyon sosyo-politik lokal, ak popilasyon an an jeneral konsidere liberasyon sa a kòm yon viktwa ki demontre sa mobilizasyon atravè yon sinèji rejyonal kapab bay.
Nap raple sa pa sèlman retou pèsonalite medikal yo, men tou yon rapèl senbolik sou nesesite pou respekte dwa chak sitwayen, kèlkeswa pozisyon yo oswa rejyon kote yo sòti.






