Ajan dwanye yo poze lapat sou yon latriye machandiz kontrebann nan Tèrye Wouj

Tèrye Wouj, Ayiti_____(TriboLAND) Ajans ladwann yo ap miltipliye enspeksyon sou lizyè fontalyè ayisyano-dominikèn an. Enfo yo fè konnen, ajan siveyans yo arive poze lapat sou yon seri machandiz kontrebann nan yon kamyon, jodi samdi 10 me 2025 lan.
Nan lage pè las dèyè kontrebandye ki livre yo nan aktivite machandiz anba chal ki pa deklare, ajan dwann yo mete bonjan kontwòl sou plis pase plizyè santèn kolis machandiz san deklare ki tap soti lòt bò fontyè. Pwatik fouye latèt opye tout bataklan kap antre sou tèritwa nasyonal la, pran yon lòt nivo depi plizyè semèn.
Se peske menm pwatik siveyans lan ki ta sanble egziste nan diferan lizyè nan divès depatman, daprè kòmantè yon gro teknisyen nan sèvis dwann nan depatman Nòdès peyi a.






