Yon jèn gason mouri tchake ak kout manchèt nan depatman Nòdès peyi Dayiti, patikilyèman nan zòn Tèrye Wouj.

850

“Son” ensikoni, blese motèlman ak kout manchèt, popilasyon an nan zòn Tèrye wouj, pwente dwèt jouda yo sou yon ti frè viktim nan.

06-04-2023

Tèrye Wouj, Ayiti____(TRiboLAND) Yon jèn gason ke anpil moun konnen sou non “Son”, blese motèlman ak kout manchèt nan zòn Tèrye Wouj, nan depatman Nòdès; popilasyon an lonje dwèt jouda li, sou yon ti frè viktim nan.

Enfòmasyon ki rive jwenn nou ta fè kwè, jèn gason sa a jwenn lamò li, swit ak yon gwo diskisyon kite fin pase ant li menm ak yon ti frè l, pou tèt yon seremoni konfimasyon ki tap gen pou òganize nan legliz katolik Sen Pyè, nan zòn Tèrye Wouj.

Zak kriminèl sa a, lage tout kominote Tèrye Wouj la, nan gwo dezolasyon, san konte zanmi ak fanmiy jèn gason an, ki plonje nan yon pwofon regrè.

Comments are closed.