Plizyè blese nan yon aksidan tou pwè Mibalè

0 397

Mònn Blan/Mibalè___(TRiboLAND) Yon kòkenn chenn aksidan rive vè 6:25 pm jodi Mèkredi 26 Fevwiye 2020 la nan Mibalè e koz plizyè krityen vivan blese tèt nèg. Selon temwen, yon otobis fè kolizyon ak yon kamyonèt nan yon lokalite ki rele Mònn Blan nan zònn Mibalè ak Tèrye Wouj nan Plato Santral.

Aksidan sa ki pa voye oken moun nan peyi san chapo, men lakoz yon latriye moun blese grav ak yon blokis ki paralyze sèvis transpò a sou wout nasyonal nimewo 3 a.

Leave A Reply