Otorite ameriken ak chinwa yo antame gro chita tande an sekrè sou “gè komèsyàl” la nan Jenèv

Jenèv, Laswis_____(TRiboLAND) Gro diskisyon sou lagè komèsyal kap boule ekonomi mondyal tanmen ant otorite ameriken yo e Lachinn, jodi samdi 10 me 2025 lan nan Jenèv, peyi Laswis. Vis-prezidan chinwa a, He Lipeng ak sekretè trezò ameriken an, Scott Bessent te nan tèt diskisyon yo ansanm ak lòt moun ki nan tèt negosyasyon yo.
Bessent ak reprezantan komès Etazini an, Jamieson Greer, te dwe rankontre ak He Lipeng nan Jenèv aprè plizyè semèn tansyon ki tap vale teren, e ki te fè taks sou enpòtasyon ant 2 pi gwo ekonomi nan mond lan monte balkon plis pase 100%.
Konflit komèsyal la te pran jarèt aprè ansanm desizyon Prezidan Etazini an, Donald Trump te pran mwa pase a pou mete taks sou plizyè lòt peyi, yon dispozitif ki ta pral deranje chèn apwovizyònman yo e fè mache finansye yo vin ensèten, san konte kreye kè sote sou yon gwo ralantisman ekonomi mondyal.
Donald Trump te di yè vandredi a ke yon taks 80% sou machandiz Chinwa yo “ta sanble jis,” li te sugjere pou premye fwa yon altènativ espesifik pou taks 145% yo te mete sou enpòtasyon Chinwa yo.
Diskisyon pou negosyasyon yo te manniganse nan yon espas sekrè, malgre yon temwen te wè plis pase yon douzèn machin lapolis deyò yon rezidans prive nan yon katye trankil nan Jenèv. “Nou te wè van Mercedes ak vit fimen ki tap deplase soti nan yon otèl sou bò lak Jenèv la, kote delegasyon Chinwa a te fè ladesann”, daprè sa yon temwen ta deklare.






