Federasyon Jèn Kapotiy (FEJECA/FEJEKA) reyalize yon jounen fòmasyon nan domèn atizanal pou 30 jèn fi ak jèn gason

2,068

08-05-2022

Kapotiy, Ayiti __(TRIboLAND) Dènye aktivite FEJECA/FEJEKA te reyalize yo te jwenn bourad lajan SJM-Ayiti nan kad yon pwojè ki rele « tranzisyon vè agwo-ekoloji, souverènte alimantè, rezilyans ekonomik ak sosyete sivil revandikativ » ki li menm jwenn finansman Broederlijk Delen (BD) ki se yon ONG entènasyonal, ap dire 2 jou. Fòmasyon sa a pral pèmèt jèn yo aprann kòman pou yo kapab fè sandal, valiz, braslè, kolye, e latriye.

Gras ak gwo estrateji fòmatè yo mete kanpe nan okazyon an, jèn yo te genyen chans rive metrize plizyè teknik ki kapab ede yo bay bon jan rezilta sou teren an aprè 2 jou fòmasyon an. Swit ak fòmasyon sa a, jèn yo pral ede komin Kapotiy nan divès nivo selon temwanyaj kèk responsab:
Yo pral kontribiye nan rediksyon delenkans jivenil nan komin nan, gras ak okipasyon yo nan pwodiksyon atizanal yo.

Finalman, pwomotris SJM-Ayiti kap travay sou pwojè sa a, Madam Raymond Elisette, temwaye gwo satisfaksyon li aprè premye jounen fòmasyon an. Li fè konnen enstitisyon patnè a, FEJEKA kapab toujou konte sou sipò SJM-Ayiti nan lide pou l kontinye akonpanye jenès la nan domèn fòmasyon.

Pi lwen, madam Elisette rapouswiv pou li konsidere aktivite fòmasyon an kòm yon gwo zouti ki kapab ede jèn yo mennen konba lavi a nan peyi Dayiti.

Jn Simon Manex

Comments are closed.