Robert Harry Bretous ke lapolis tap chèche pou asasinay Nancy ak Sébastien livre tèt li

418

Pòtoprens____(TRiboLAND) Robert Harry Bretous ki se prezime asasin Nancy ak Sébastien, 2 jènn atis ayisyen, e ki te nan mawonaj depi mwens pase yon semènn arive livre tèt li bay Direksyon Santral Polis Jidisyè a jodi mèkredi 8 jwiyè 2020 an.

Robert Harry Bretous

Prezime koupab la ki genyen 38 lane, di li pran yon parèy desizyon se akoz yon seri operasyon chyen fou ak inite spesyalize PNH kap deplòtonnen nan divès kote ke li abite notamman nan Montagne Noire, Thomassin 32, Bois Verna ak Pèlerin.

Bretous ki genyen akizasyon 2 asasina marasa pandye sou tèt li, te genyen manda darè lajistis ki tap rapouswiv li depi kèk jou aprè ke polis siyantifik te detekte tras san nan yon pickup Toyota ki imatrikile AA24821 ki rele Mesye Bretous chè mèt chè mètrès.

Finalman, pitit ansyen kadida pou prezidan an, deside rann tèt li yon fason pou li al reponn kesyon lajistis e ede moun konprann sa li konnen lanmò Nancy Dorléan ak Sébastien Petit ke yo te jwenn kadav yo kankannen nan Tabarre 24 jwen dènye. Nap raple ke se te yon krim marasa ki te soulve anpil endinyasyon popilè.

Comments are closed.