Prezidan chanm komès ak endistri Nòdwès la chita pale ak PDG Sunrise Airways la sou yon evantyèl konstriksyon ayewopò nan Nòdwès.

931

01 – 22 – 2024

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Prezidan Chanm Komès ak Endistri Nòdwès peyi Dayiti a ta sanble sou wout pou fè depatman Nòdwès la jwenn benediksyon yon konstriksyon ayewopò.

Nan yon tèt a tèt ki te genyen ant Phillipe Bayard, kise PDG Sunrise Airways ak Jordan H. Verdule, ki li menm se prezidan Chanm Komès ak Endistri Nòdwès la, yo ta sanble sou wout pou yo antann yo pou lokalite Port- à- l’Écu, benefisye konstriksyon yon ayewopò.

Jordan H. Verdule ki pat bay twòp detay sou konstriksyon ayewopò sila, tout fwa fè konnen, Chanm Komès ak Endistri Nòdwès la angaje li bò kote sosyete sivil la pou reyalize gwo chantye sa a, ki pral kreye yon nouvèl opòtinite pou depatman Nòdwès la.

Comments are closed.