Lapli kap tombe depi kòmansman mwa me 2025 lan, lakòz deboulonnay tè ak gro wòch sou yon bon pati sou wout Nasyonal numéro 7 lan.

479
0
Share:
TRiboLAND

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Gro Lapli kap tombe sou depatman Grandans lan, lakòz gro deboulonnay tè ak wòch sou wout Nasyonal nimero 7 lan, lokalite Ranpe.

Direktè depatmantal ministè travo piblik Grandans lan, enjenyè Kesnel Paris ak fèb mwayen direksyon depatmantal lan, pwòmet popilasyon an lap travay lajounen kou lannwit pou fasilite lib sikilasyon. Teknisyen an mande moun Grandans pote kole pou avansman direksyon depatmantal travo piblik la, nan Grandans.

Fas ak sitiyasyon sila, anpil moun estomake pou egzije pi bon travay estriktirèl ki dirab ki plis chita sou drenaj ak tretman basen vèsan yo; kontrèman ak yon seri travay ponpye ak soupoudraj ki pa kanpe sou anyen.

Share:

Leave a reply