Pa pran nan zanana pou sizann, me vrè vizaj Loksidan!

352
3
Share:
TRiboLAND

Kout plim, Réginald Pierre

Anpil fwa nou pa sezi kisa ki oksidan e kijan li fonksyone se sak fè li te kenbe nou nan esklavaj pandan twa san lane anba divizyon, amalgam ak chantay.

Youn nan pratik yo se konfizyon ak amalgam, yo mete tout moun nan menm panye, bon mas madigra sal, vòlè, asasen epi yo di w tout moun se vòlè… c’est la théorie du mal généralisé.

Oksidan se yon sistèm ki chita sou dominasyon, eksplwatasyon ak enjistis, yo itilize divizyon, divèsyon ak konfizyon pou chita dominasyon yo an.

Pou sa fèt yo itilize sistèm medyatik edikasyon, politik ak lòt ankò pou perenize dominasyon yo.

Se sak fè w wè anpil moun ap itilize fo non fo kont pou simen konfizyon anpil nan yo se ajan sistèm sa.

Jodi an avèk rezireksyon ideyal Desalinyen an oksidan oblije manje pwòp sèvitè li nan lide pou gade kijan yo ka renouvle tèt yo atravè lòt apatrid pou kontinye kenbe pèp Ayisyen an nan kras ak inyorans.

Erezman lidè pitit Dessalines nan, Jean Charles Moïse konprann sa li angaje l nan yon batay jewostratejik pou rive diminye enfliyans yo sou peyi an e pou Ayiti kapab pran wout otodetèminasyon li.

Poum montre nou kijan loksidan sadik 2 Jen 2021 ansyen prezidan Jovenel Moïse resevwa lèt kreyans anbasadè Larisi an Ayiti aprèl fin konstate se pa anyen serye sistèm sa ap pote pou Ayiti ebyen yon mwa plita yo bay lòd asasinen l e anbasad meriken vin konfime atravè yon twit se Ariel Henri yo rekonèt kòm premye minis pou vin òganize eleksyon pwiske tout jwè sistèm nan pran fit pou jisyifye ke eleksyon yo paka fèt yo ogmante ensekirite an toupatou nan peyi an.

Gras ak enfliyans senatè Moïse nan mond lan anpil lòt peyi ki te inyore Ayiti oblije brake pwojektè yo sou sa kap pase nan peyi an e bay Etazini responsab kawo ki genyen an donk yo oblije prese sanksyone apatrid yo te konn itilize pou kondwi peyi an nan kakfou malouk sa.

Sa nou dwe konnen sitiyasyon sa ouvri pòt pou Ayiti entegre mond tou nèf la ki ofwi anpil opòtinite pou anpil peyi ki tap sibi dominasyon enjis peyi loksidan yo nou jis bezwen aplike prensip papa Dessalines nan ki di “nan mitann pa dwe gen trèt nou fèt pou sèl mèt tèt nou” konsa nap pran wout kap debouche sou pwogrè ak chanjman peyi nou.

Viv yon mond miltipolè!

Viv ideyal Desalinyen an!

Réginald Pierre

Senlwi Dinò, 22 oktòb 2023.

Share:

3 comments

Leave a reply