Dega gwoudou gwoudou Gran Sid la estime 1.1 milya dola

1,766

09/01/2021

Pòtopwens_______(TRiboLAND) Gouvènman ameriken an ap fè bwàs ak Agence Américaine pour le Développement International (USAID) yon fason pou pwosede ak rekonstriksyon zòn ki afekte anba gwoudou gwoudou 14 out 2021 an. Konsa, nan yon konferans pou lapwès madi 31 out 2021 an, repwezantan Bank Mondyàl, Anabela Abreu revele dega ekonomik yo pou Gran Sid la pa piti, yo estime a 1.1 milya dola blan meriken.

Yon komite pilotaj teknik ki responsabilize plan relèvman Grand Sid la deja sou pye, dapwè chèf gouvènman ayisyen an. Kidonk, komite a genyen 2 mwa pou mete yon bout nan elaborasyon yon plan konstrwiksyon fizik ak ekonomik pou blòk sid la e convoke reyinyon pou bayè yo kapab jwen lajan pou finansman yon parèy pwojè.

Selon pwemye minis anatandan an Ariel Henry, yon senèji dispansab ant diferan sèktè nan vi nasyonal la pou plan relèvman ak konstriksyon Gran Sid la. Konsa, li envite tout kalite kad administratif ki konsène nan yon parèy demach pou yo elabore PDNA (Post Disaster Needs Assessment) e montre kreyativite yo.

Christopher Cushing, ki se reprezantan USAID nan peyi Dayiti konfime 110 milyon dola ke enstitisyon dispoze pou peyi Dayiti nan kad rekonstrwiksyon penensul Sid la.

Comments are closed.