Plizyè òganizasyon anndan peyi Dayiti mande anbasadè Larisi nan LONI pou kanpe ankwa kont deplwatonaj fòs miltinasyonal nan peyi Dayiti

285
0
Share:
TRiboLAND

08-14-2023

Pòtopwens, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan yon lèt ki 7 dawou 2023 e ki ale jwen anbasadè Larisi a nan LONI, plizyè òganizasyon tout plimay anndan peyi Dayiti, alète Dmitry Polyanskiy, pou li pa kite li pran nan zatrap ak pwopagann politik kap manniganse a, sou tèt peyi Dayiti, nan lide pou pwopaje viris konfizyon e pou lage tout moun nan tchouboum, dapwè sa òganizasyon yo rapòte.

Òganizasyon yo ki kalifye pwojè entèvansyon amerikano-onizyèn nan, se yon konplo kriminèl ki genyen objektif pou fòse e mete Ayiti nan ti soulye li e vinn defann enterè yo atravè yon lòt okipasyon etranjè sou tè Desalinn lan.

Òganizasyon tout plimay yo, lonje dwàt jouda sou gouvènman maeriken an, Joe Biden ak tout Sekretè jeneral Nasyon Tèt Kole yo, kap miltipliye bwas, yon fason pou yo diplike yon lòt fwa ankò yon seri vye eksperyans istorik (okipasyon militè) trajik, vant kòde, katastwofik e agonizan ke ameriken te deja fè oubyen avèk konplisite LONI.

Òganizasyon yo, ki estime ke gang ame yo ki se yon zouti legal ou yon pwetèks pou yon fòs etranjè anvayi Ayiti, mande diplomat Larisi a pou bloke tout fòs abolotcho miltinasyonal ke Nasyon Tèt Kole yo, konte voye nan peyi Dayiti.

Yo ale pi lwen pou yo mande egalman, pwezans yon konmisyon ankèt endepandan, ki pou envèsti nan latriye zam e minisyon ameriken ki sòti lakay Tonton Sam ki ale jwenn gang yo kap efondre nasyon ayisyèn nan. Yo pase pran egalman enplikasyon “Core Groupe” ak BINUH nan sa ki gen pou wè ak enfliyans yo ki pa sispann destabilize nan mete tèt ansanm ak Ariel Henry e pase anba pye souverènte peyi Dayiti.

Share:

Leave a reply