Ansyen Ajan egzekitif enterimè vil Pòdpè a voye jete tout akizasyon kita fè kwè ke l patisipe nan liberasyon yon prezime asasen.

2,599

05-20-2022

Pòdpè_____(TRiboLAND) Nan yon emisyon ki anime pa Arnold de Miami, PDG Radyo télé Arnold nan Pòdpè ak Etazini, ki pase sou ond 88.1, ansyen Ajan Egzekitif Enterimè vil Pòdpè a, Ilrick Augustave voye jete tout vye enfòmasyon kap sikile sou rezo sosyal yo ak sou medya tradisyonèl yo, ki ta fè kwè ke li patisipe nan mete deyò prezime asasen (Jean Renald Dorcin) enspektè polis Basen-Ble a, Johnny Brucette.

Sepandan, ansyen ajan egzekitif enterimè a, rekonèt bò kote pal kel te fè ti bat bouch ak komisè gouvènman Virgile Michelet sou dosye sa a,ki ta pral tou swit konseye fanmi prezime asasen an, konsilte vit e prese yon kabinè avoka.

Nan moman entèvyou an, Ilrick Augustave fè konnen kontrèman parapò ak sa kap di, li pa enplike ni lwen ni pwè nan dosye sila paske li pa ni jij ni komisè gouvènman.

Yon lòt bò, ansyen Ajan egzekitif enterimè a, deklare ke tout sa kap fèt yo, se dilatwà yon mannyè pou sal imaj li, kòm youn nan jèn gason trè dinamik ki kapab vin prezide komin Pòdpè a.

Yon dosye ki pa janm sispann fè chimenl e lakòz gwo kè sote nan depatman Nòdwès la, lè anpil moun fè konnen prezime asasen an deja retounen nan baz group gang Tibwàdòm, zòn Basen-Ble.

Pou anpil moun, se pa jodia gwo fim “liberasyon rakèt sispèk” sa yo ap monte nan depatman Nòdwès la. Sèt fwa si, aktè yo se Jean-Mara Edouard, jij enstriksyon ak Virgile Michelet, komisè gouvènman an atandan an.

Comments are closed.