Komin Senlwidinò leve anba gwo flam dife kont sangwen Ariel Henry

913

02-06-2024

Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Mouvman pwotestasyon pou fòse demisyon gouvènman Ariel Henry nan tèt peyi Dayiti ap kontinye nan komin Senlwidinò jounen madi 06 fevriye 2024 la.

Byen bonè nan maten, gwo barikad anflame drese sou pon Rivyèba nan komin Senlwidinò. Konsta montre te genyen bann nan lari, yon dividal nèg kanpe dèyè barikad yo pou bloke sikilasyon an. Lekòl, biwo lete yo, tout fèmen pòt yo, sof tribinal depè a ki te louvri.

Aktivite komèsyal yo tap fonksyone an mal makak, alòske transpò ankomen an tap mal mache avèk kèk grenn machinn ki tap pran chans yo sou twonson wout Pòdpè – Senlwidinò a; pandan Ansafolè-Senlwidinò te enpwatikab.

Òganizatè yo kontinye ap bwote gwo wòch pou leve barikad yo pi wo pou anpeche sikilasyon moto siklèt yo. Selon deklarasyon yo, pita mouvman an pral chanje faz paske vle pa vle fòk sangwen Ariel Henry a ak tout gouvèman koupyon an mache pòs yo.

Comments are closed.