Gro chire pit : me ki sa bagay la ye anndan KPT a jounen jodia

356
0
Share:
TRiboLAND

Finalman, Wahsington reyalize ke KPT a pa soti pou reyalize nad marinad; nan tout sa yo te pwevwa akonpli pante swadizan manda yo. E yo kontinye ap fè jwèt laloz pou genyen yon diplis sou manda sila.

Wahsington egzije depa 9 kòwonpi gagotè ki konpoze KPT apati fevriye 2026, san kondisyon. Se konsa, egzijans pou eleksyon bwit sou kou ak tèt cho, pa sispan klewonnen jounen jodia, san konte elimine pwojè nouvo konstitisyon tèt chat la ak tout komite pilotaj, yon veritab maskarad ki te bay KPT a plis tan pou fè dilatwà ak gagotaj.

Nap raple, se sèl nan peyi Dayiti, yon popilasyon asèpte genyen nan tèt li 9 fo pwezidan initil ou gagotè ak 9 premyè dam ou 9 fanmiy kap souse manmèl la e banbile nan resèt leta anba tout kalite depans initil ou mèt dam.

Washington ta sanble mande definitivman fòk 3 gro bwakè ki fè lawont nasyonal anndan KPT a, mache pòs yo kòm kòwonpi; alòske, yon lòt fwa ankò, yo vle enpoze yo; yo egzije okontrè depa PM Didier Fils-Aimé kòm youn pami yon seri kondisyon tèt chat pou yo lage pye yo.

Chire pit ant PM Fils Aimé ak Saint-Cyr, prezidan KPT a mete yon lòt fwa ankò djak sou djak gouvènay peyia ki tonbe depi plizyè deseni anba men “Ti pa seryé”.

Sa fè 18 mwa depi ekip kansè KPT initil la, ap distribye blòf san yon plan minimòm. Rezilta yo negatif nan tout nivo; okontrè yo livre plis tèritwa bay alye gang parèy yo, pou fasilite yo genyen plis rezon rete sou pouvwa pou pyafe nan plis imoralite, engouvènabilite, iresponsablite ak kòripsyon.

Se imoral pou moun ki pa itil peyia nan anyen, oblije ap vwayaje sou do bwat sekrè popilasyon an. La, nou vle pale sou 20 milyon goud ki soti nan trezò piblik la pou kouvwi vwayaj yon kenzèn atoufè ki deplase ak Laurent Saint-Cyr nan swadizan patisipasyon yo nan Exposition Universelle 2025 (Expo Kansai d’Osaka), nan peyi Japon.

Nan moman sa, nivo engouvènabilite peyi Dayiti rive nan yon pwen “non retou”, kote nenpòt timoun 3 lane kapab fè moral fo pwezidan ki konpoze KPT a. Kesyon ki ta dwe soulve chak jou ki jou nan kotidyen popilasyon ayisyèn nan: kòman yon parèy peyi, ak yon istwa si rich e ewoyik, arive pwodwi de parèy espès ki pa pwodwi oken bagay sinon ke salte, kòripsyon, ramifirasyon gang, krim finansye, lawont nasyonal e entènasyonal, desizyon debri, vòl, piyaj bwat sekrè Leta, enkonpetans ak san konsyans anba boul je ULCC.

Ke pouvwa Donald Trump lan, ki ta sanble detèmine pou devwale ou eradike tout politichyen ak richyen kòwonpi anndan peyi Dayiti, figire tout moun ki konpoze KPT a nan lis tèworis idyo kravate ki efondre peyi a.

Enel Richard, Pòtopwens

Share:

Leave a reply