Vil Okay leve maten an malmakak ak yon tan demwazèl aprè gro aktivite dlo desann yo

Okay, Ayiti_____(TRiboLAND) Selon enfòmasyon ki arive jwen sal redaksyon nouvèl TRiboLAND.com, vil Okay ki pase yon bon bout tan ap pran lanm pandan weekend, leve maten dimanch 13 avril 2025 lan an malmakak. Plizyè zòn ta kòmanse ap pran fòm kò yo malman; sepandan anpil zòn tankou Ri 3 Frè Rigo ak Chatoden rete mouye.
Plizyè enstitisyon ki te deja frajilize, tankou lopital Jeneral Okay la ak pwizon sivil la, toujou ap mande bon najè. Espas sila yo ki te anvayi ak gro dlo, trouve yo nan move kondisyon fonksyonman, alòske prezans Leta koupyon an pa fè santi prezans li.
Konsa, yon weekend mouye pou vil Okay, yon siyasyon kakou ak yon syèl machwè gonfle ki anonse ke aktivite dlo desann yo pa pou demen!