Eliminatwa Koup Modyàl – Fanm pou ane 2023 : Ekip foutbòl peyi Dayiti a kase randevou nan mwa fevriye a.

205
0
Share:
TRiboLAND

John Jean Jacques 01/14/2022


Pòtopwens_____(TRiboLAND) Seleksyon foutbolèz peyi Dayiti a pral demare faz eliminasyon koup di mond 2023 a nan mwa fevriye kap vini la.

Koup di Monn Fanm ke entans kap jere kesyon foutbòl lan kise Fifa, pral òganize nan ane 2023 a, pral 9èm edisyon an. Konpetisyon sila a ap gen pou dewoule nan 10 vil ki baze nan 2 peyi ki se Nouvèl Zeland ak Ostrali. Pou zòn KONKAKAF la, seleksyon peyi Dayiti a gen pou demare eliminatwa yo nan mwa fevriye 2022 a.

Ekip nasyonal Foutbòl Fanm peyi Dayiti ki trouvel nan group E nan zòn KONNKAKAF la, pral gen poul troke kòn li kont Onndiras, Sen Vensan, Zile Vyèj ak Kiba. Anpil Ayisyen estime ke peyi a ka mete tèt li deyò nan group sila a ki pa parèt tro difisil. Sèlman, ekip ki premye a kap gen aksè kontinye goumen pou al jwe faz final Koup Mondyàl la.

Grenadyèz yo ap gen pou jwe 2 match nan mwa fevriye a epi lòt 2 yo nan mwa avril.

17 fevriye 2022, Ayiti vs Onndiras

20 fevriye 2022, SenVensan vs Ayiti

9 avril 2022, Zile Vyèj vs Ayiti

12 avril 2022, Ayiti vs Kiba

Nap raple ke Koup di mond sila a ap demare 20 jwiyè 2022 pou bout 20 dawout nan menm ane a.


Share:

Leave a reply