Operasyon polisyè nan Mibalè: 4 prezume bandi arete, pami yo yon wangan ak pitit li e yon fanm

412

01/17/21

Domon Krèt Bwile, Mibalè_____(TRiboLAND) Yon kalib 9 milimèt ak yon galil manch long, se kantite zàm fòs PNH yo arive sezi nan moman yon operasyon lanjelis nan zòn “Domon Krèt Bwile”, premye seksyon kominal Mibalè,  kote ke yo te pwosede ak arestasyon prezume koupab, Karl-Henry Poyau alyas “Depòte” ansanm avèk boubout li, Merilus Ginette. Akote sa, yo poze lapat egalman sou yon wangan, Fritznel Registre ansanm ak pitit gason li ki rele Jorbe Registre.

“Depòte”, ke lapolis t’ap chèche tankou chyen fou, genyen  anpil gro chèf dakizasyon ki plane sou li tankou: asosyasyon malfektè, kidnapping, vòl men ame e latriye.

Se yon operasyon lanjelis ki te arive fèt samdi 16 janvye 2021 an; e ki te jwen kolaborasyon vis-delegasyon vil Mibalè a avèk Unité Départementale de Maintien d’Ordre (UDMO).

Comments are closed.