Staff atis mizikal Anie Alerte pase yon move moman janm tranble nan Tèryewouj

1,383

09-11-2022

Tèryewouj, Ayiti _____(TRiboLAND) Pandan gen gro mouvman protestasyon ap fèt atravè peyi a, staff atis mizikal, Anie Alerte yo pase yon move moman janm tranble pandan yo tap fè bwàs pou travèse barikad sou wout yo; konsa, ekip la te pase move brimad nan men kèk endividi.

Pandan staff la tap tante travèse barikad, yonn nan sekirite atis la rive brake zam li e tire jiskaske yon fiyèt rive pran bal nan vant; konsa, bonèt popilasyon an te vire e reyaji. Yo mete dife nan yon machin ak 2 moto sou wout la. Sekirite a ki twouve l nan yon eta trè kritik, tandiske rès 7 lòt moun yo ki te blese tap fè bwàs pou chèche jwenn paspò yo ki te egare nan moman deblozaj la.

Nap fè remake Anie Alerte pat prezan nan moman an. Atis la te nan wout pou Derak nan yon sesyon kominal ki twouve l sou komin Fòlibète.

Jn Simon Manex

Comments are closed.