Flash Flash! Yon lòt dram eboulman nan vil Pòdpè : 2 timoun apèn mouri nan site Limoza Lakoup.

760


05 – 04 – 2024

Pòdpè, Ayiti______(TRiboLAND) Aktivite entanperi ki pa sispann fè dega nan Nòdwès peyi Dayiti, kontinye ap mete dlo nan je diferan depatman ou komin e seksyon kominal.

Dlo nan je yo pa sispann koule! Lapli kap tonbe sou Nòdwès peyia, lakoz 2 ti lèzanj mouri nan site Limoza, Lakoup, yon katye  rezidansyèl nan vil Pòdpè.

Ensidan dramatik sila arive pwodwi aprè ke yon kay arive tonbe sou yon lòt kay, malerezman arive ateri sou ti inosan yo. Selon kèk temwen, viktim yo pa menm gen chans pou te rive lopital.

Comments are closed.