MENFP anonse distribisyon “liv inik” lan pou divès paran nan komin yo

941

06-18-2023

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon anons li fè sòti piblikman, minis Edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl la, Nesmy Manigat anonse distribisyon apeprè yon milyon “liv inik” ak kaye  pou elèv premye ak dezyèm ane fondamantal yo.

Pou minis Manigat, paran yo pa bezwen trakase tèt yo pou pwokire elèv yo yon seri liv, paske “liv inik”MENFP

lan ap kouvwi tout matyè eskolè yo. Yon parèy inisyativ, vize pou diminye fado finansyè sou do paran yo, daprè minis lan ki tap depoze.

Konsa, distribisyon “liv inik” lan ap demare nan mwa jen 2023 sila; e modalite distribisyon nan divès komin yo, ap genyen pou anonse avan lontan, toujou daprè minis Nesmy Manigat.

Comments are closed.