Mouvman protestasyon elèv lekòl yo konplètman paralize tout aktivite yo nan vil Jeremi jounen lendi 31 mas 2025 lan.

04 – 01 – 2025
Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Jounen lendi 31 mas 2025 lan, aktivite tankou lekòl anjeneral, kèk enstitisyon piblik kou prive ak mache pibik an majè pati te fonksyone oralanti akóz mouvman elèv lise yo ki tap reklame prezans pwofesè yo nan etablisman eskolè piblik yo.
Mouvman 31 mas 2025 lan, pat senpleman vize mache lage biwo piblik ak prive yo nan vil Jeremi, men tou, li te vize egalman drese barikad nan objektif pou rann sikilasyon enposib pou moto ak machinn.
Fòk nou siyale, pòt etablisman eskolè piblik yo te toujou rete fèmen pandan tout jounen lendi a nan vil Jeremi. Alòske elèv protestatè yo deja kase randevou pou yon lòt rakle manifestasyon randevou pou jounen madi premye avril 2025 lan nan kad pèsistans ou kontinyite mouvman an ki se “reklamasyon prezans pwofesè yo nan klas yo.






