Kreasyon anplwa pou jènn gason ak jènn fanm ; yonn nan priorité direktè depatmantal sanitè Grandans lan.

654
0
Share:
TRiboLAND

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Entegrasyon jènn fanm ak jènn ki fomasyon pwofesyonèl nan administrasyon piblik lan nan Grandans peyi a, se yonn nan priyorite direktè depatmantal sanitè Grandans lan, doktè Pierre Boutròce Gally.

Pandan yon vizit inatandi yè jedi 3 avril 2025 lan, doktè Gally debake nan lokal Inivèsite Piblik Grandans lan e remèt bay twa etidyan, lèt afektasyon yo nan domèn jesyon ak lojistik, kòm anplwaye ki pou entegre ministè sante a.

Nouvo anplwàyè sila yo pral genyen pou travay swa nan lopital Sentantwann Jeremi oubyen nan direksyon depatmantal Sanitè Grandans lan.

Share:

Leave a reply