Direktè depatmantal agrikilti Grandans lan, ankouraje konpatriyòt ayisyen akrikiltè yo, pa al pran imilyasyon nan peyi Dominikani

883

09 – 18 – 2023

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Fas ak desepsyon ak imilyasyon san parèy gouvenman dominiken an, ap fè konpatriyòt ayisyen yo pase. Direktè depatmantal agrikilti Grandans lan, agronòm Vladimir Jean, ankouraje konpatriyòt ayisyen yo, ki genyen konesans nan travay latè pou pa mete pwent pye yo nan peyi Ladominikani.

Pou sipòte agrikiltè yo nan Grandans, direksyon depatmantal ministè agrikilti Grandans, non sèlman ap ede plantè agrikiltè yo jwenn semans gratis ti chéri, men tou direksyon depatmantal lan, mete traktè agrikòl pou agrikiltè kap fè jaden nan plenn yo.

Avèk anpil detèminasyon. direktè Vladimir Jean, fè tout plantè ak agrikiltè kap bezwen sèvis traktè,  pou raboure tè pou fè jaden rapid, dwe bay yon ti tchotcho pou achete gaz pou fasilite fonksyonman ekipman an.

Comments are closed.