Luis Abinader mande dominiken yo pa antre nan peyi Dayiti

188
0
Share:
TRiboLAND

10/24/2021

Sen Domeng_______(TRiboLAND) “Mwen avèti dominiken yo pou yo pa mete pwent pye yo nan peyi Dayiti akòz ensekirite ak vyolans kap taye banda nan peyi vwàzen an”, pawòl pwezidan Dominiken an, Luis Abinader tap lanse bay pèp dominiken an jodi dimanch 24 oktòb 2021 an.

Lidè panyòl ki petèt nan “bèchon jwaye” pou yon seri avantaj bab e moustache dominikani ap benefisye ak diaspora ayisyèn nan e avèk ayisyen kap deloje pou envèsti sou tèritwà panyòl la, di ke li pran yon latriye dispozitif pou ranfòse sekirite sou fontyè a yon fason pou zak vyolans yo pa travèse lizyè. Chèf deta a raple dominiken yo ke geyen yon seri chofè kamyon ke yo kenbe nan peyi Dayiti; konsa lap fè anpil bwàs diplomatic yon fason pou yo retounen lakay sen e sof.

Share:

Leave a reply