OPC deklare 27 jou blackout nan Pòtoprens se grav vyolasyon dwa moun

295

Pòtoprens____(TRiboLAND) Nan yon entèvansyon “2 men nan tèt” sou Radyo Tele Karaib, Alatèt Organisation Protection Citoyen (OPC), Mèt Renand Hédouville di li revòltan pou kapital la ap subi yon rasyonnman drastik kouran pou plis pase 27 jou. Li kalifye sitiyasyon sa kòm yon vyolasyon grav dwa fondamantal moun.

Protektè kap ede sitwayen yo pare kou, lanse avèk tout fòs li maten madi 28 jwiyè 2020 an yon SOS bay diferan aktè ki enplike nan dezòd sa ki paralize anpil sèktè tankou: sante, edikasyon ak kominikasyon nan kapital la. Li revòlte tou dèske bandi ap profite antre anndan lopital ou sant sante yo pou fè egzasyon, teworize, e menm vyole malad ou fanmiy malad yo.

Mèt Hédouville menase pou pran doleyans e rapòte plent tout moun ki viktim nan sitiyasyon sa, patikilyèman nan lopital Chansrèl ak lopital Inivèsite Deta Dayiti, kote ke bandi antre san onè e komèt gwo zak malonnèt sou moun ki deja ap benyen nan kriz mizè rere.

Konsa, li fè apèl a nouvo direktè EDH la ki dwe mande tèt li eske se yon sitiyasyon li dwe kontinye ap avantire’l ladan; li adrese’l tou a responsab Sendika EDH yo ansanm ak otorite nan piwo nivo leta a pou fè tout sa ki nesesè pou mete yon pwen final bagay koura drastik sa ki fasilite gwo enterè komès dròg, krim, vyòl, kidnapping pandan lanwit.

Nap raple, kapital peyi a ap fè eksperyans 27 jou blackout ke anpil lòt vil provens konfronte okotidyen depi 1-3 lane san elektrisite.

Comments are closed.