Fòmasyon gratis Fondasyon TRiboLAND sou dekorasyon, klotire an gran panpan nan komin Mayisad

01 – 18 – 2024
Mayisad, Ayiti_____(TRiboLAND) Avèk konplisite yon seri gwo patanta, Fondasyon TRiboLAND nan komin Mayisad, klotire an gran panpan 2 jounen fòmasyon gratis sou dekorasyon jodi samdi 18 janvye 2025 lan.
Avèk yon detèminasyon djanm e yon atitid ki afiche anpil anbisyon pou aprann, plis pase 80 jèn patisipan te benefisye ekspètizm yon dekoratris chevrone, madam Dora Pierre. 7 Pwensip Ikebana aranjman floral ; artis dekorasyon balon ak pwensip rido kote ke motif yo dwe evidan.

Kontantman, satisfaksyon ak yon sans devwa akonpli te reflete sou vizaj patisipan yo ki pat konnen kòman pou yo remèsye yon ansanm kòdonatè ou kònatris Fondasyon TRiboLAND ki konpoze avèk Enjenyè Louendy, madam Jeanine, pastè Odlens, sè Lucienne, pastè Waldot pou nou site volontè sa yo ki pa manke bay tan yo pou pouse jenès la byen lwen pwostitisyon, delenkans juvenil, e gansterizasyon.
Antouka, pwochen etap yo se rantre nan faz final pwatik yo ki pral pèmèt chak group soumèt travay yo nan yon fòma aprantisaj koperatif.







Mèsi DG papa Loulou
Triboland Montòganize
Mèsi DG papa Loulou
Tribord Mont-organiser
Gras a PDG Louissaint , yon metye gratis pral jwenn tout jèn ki vle sou ti bout tè papa Dessalines nan.