Dràm ak endinyasyon nan komin Gromòn: Group gang Koko Rat San Ras bale wouze 11 inosan sywayen san oken fòm pwosè

01 – 18 – 2025
Gromòn, Ayiti____(TRiboLAND) Se konstènasyon ak “kri arama” nan komin Gromòn jodi samdi 18 janvye 2025 lan, kote group gang sangwen Koko Rat San Ras fè yon gro bale wouze anndan komin depatman Latibonit lan, bilan, 11 malere sitwayen krible anba bal kriminèl yo; alòske popilasyon san defans lan pa konnen ki sen pou yo rele nan mitan yon veritab panik ak leve kouri.
Komin Gromòn konnen yon moman tèrè ak dèy jodi samdi 18 janvye 2025 lan. Li te vè 10 : 30 nan maten, yon group bandi, ki ta sanble tèt koupe ak group gang Koko Rat San Ras, Ti Bwadòm deklentche yon lapli katouch nan antre vil Gromòn, patikilyèman nan zòn Gripin. Konsa, se yon veritab lachas ki brase labil yon latriye sitwayen ki tap tante leve kouri pou pa kite po yo atè. Se te panik jeneralize!
Group sangwen yo ki tap tante atake sant vil la, te jwen rezistans bò kote plizyè polisye ki tap pote ranfò. Konsa, yo te oblije retrakte e ale pito nan lokalite Gripin, kote ke se sa yo bliye yo pa fè. Yo te oblije pran direksyon yon lòt lokalite ki sou twazyèm seksyon Rivyè Blanch ki rele Kanpèch. Pou pi piti, genyen 11 moun ki pèdi lavi yo anba kout bal sangwen yo, san konte yon latriye lòt ki blese. Konsa, bandi yo te retounen nan baz yo avèk kè poze, san oken kontrent, daprè yon korespondans benevòl TRiboLAND nan vil Gromòn, depatman Latibonit.






