Fondasyon TRiboLAND reyisi dezyèm jounen fòmasyon gratis sou fabwikasyon pwodwi chimik nan Komin Basen Ble

1,118

02-22-2023

Basen Ble, Ayiti ___(TRiboLAND) Jan sa te anonse nan komin Basen Ble, 21 fevriye 2023, Fondasyon TRiboLANd tap genyen pou mete fen ak 2 jounen fòmasyon gratis sou fabwikasyon pwodwi chimik, nan lokal “Lycée Jacques Stephen Alexis”, Basen Ble, Nòdwès peyi Dayiti.

Plis pase 200 jenn fanm ak gason aprann fè : liquid tout kalite tankou: mistolin, kloròk, pinòl, vinèg ak pafen lwil. Fòmatris la, madam Ermith Lami te mete tout sa li genyen kòm konpetans pou te fasilite aprenan aprann fè pwodwi sa yo, nan bon jan metòd.

TRiboLAND Media Network ki livre li nan fòme jèn, pou konbat delenkans jivenil pèmèt jounen jodia jèn sa yo gen yon zouti pou konbat lanm ak flanm lavi a. Jèn kon granmoun nan komin Basen Ble, pat kache manifeste satisfaksyon yo pou 2 jounen fòmasyon gratis sila.

Malgre ti iregilarite ki te genyen pa rapò ak kantite moun ki te vin patisipe nan fòmasyon sila, sa pat enpeche 2 jounen fòmasyon si la se yon reyisit total e kapital. Jèn yo te gen posiblite aprann fè yon total 11 pwodwi.

Comments are closed.