Plizyè fanm vyole, yon pickup gaz ak tout moun kidnape, yon rav 4 koulè vèt sezi, yon kamyon sitèn gaz sezi, se bilan gwoup gang, baz “Gran Grif,” kap opere nan zòn Lyankou.

1,635

12-02-2022

Divès fanm vyole, plizyè machin gaz sezi, san konte moun yo kidnape, se bilan zak malonèt, zenglendinay ak kidnapping, baz Gran Grif akouche nan Lyankou, sòti 01 desanm pou rive 02 desanm 2022 a.

Lyankou, Ayiti_(TRiboLAND) Plizyè jèn fanm sibi atak vyòl, 3 otobis ki asire transpò Gonayiv – Pòtoprens – Senmak – Pòtoprens, kidnape ak tout pasaje, nan zòn Mowo-Lyankou, san konte 2 machin gaz ki sezi; se bilan gwoup gang baz “Gran Grif” kap opere nan lokalite Lyankou sòti 01 desanm pou rive 02 desanm 2022 a.

Dapwè enfòmasyon TRiboLAND ka fè konfyans atravè kòlèg journalis, Ferdieu, genyen anviwon 40 moun ki kidnape nan yon total 3 otobis. Plak kamyon sitèn ke yo pote ale a, se: TP-39562, kote fich livrezon te fèt sou non Emerson, kote gaz la ta pral distribye nan Stop Over nan komin Senmak.

Nap raple ou, baz Gran Grif, ki gen orijin li nan Savyen, achte zòn Lyankou lajan kontan depi yon bon bout tan, kote yap opere san okenn difikilte.

Comments are closed.