Ekip TRiboLAND nan Lavo ak Lapwent bay yon latriye jèn masyon gratis nan Ba Rivyè, lokalite Gicha

720
11
Share:
TRiboLAND

09 – 25 – 2024

Gicha, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon group Bon Samariten ki soti nan zantray Fondasyon TRiboLAND nan Lavo ak Lapwent Dèpalmis, debake nan zòn Gicha, lokalite Ba Rivyè nan kad fòmasyon pou yon latriye jèn nan domèn fabwikasyon pwodwi chimik.

Akò TRiboLAND nan Lavo ak Lapwent deside bay yon lòt oryantasyon ak mouvman rele chalbarik dèyè delenkans jivenil, pwostitisyon ak anbochaj nan aktivite gang, ki pa sispann miyonnen jèn yo atravè peyia.

Plizyè gro potanta nan fondasyon an te fasilite deplasman ki pat ditou fasil avèk move wout ak krenpe mònn. Se te yon veritab pelerinaj, pou pote yon sèvis gratis e adekwàt pou sila yo ki pa genyen mwayen ekonomik; sa yo ki nan zòn rekele yo ke Leta peyia abandone.

Yon gro kout chapo pou ekip TRiboLAND lan ki nan Lavo avèk Lapwent! Yo fè yon deplasman ki mande anpil sakrifis ak detèminasyon nan kad pataje sa yo aprann gratis atravè fondasyon an ki genyen yon inik misyon ki se asiste jèn ou granmoun tout kalite avèk yon metye manyèl gratis. Yo te genyen opòtinite apran fè diven, shampoo, kremas, savon likid e latriye.

Nap raple, inisyativ sila te genyen nan tèt li Madam pastè Numa, Madam Lucienne, Johnkervens e latriye lòt volontye. Yo tout te fè yon feso nan kad pote boure, pou pote yon metye bay jèn yo nan Ba Rivyè yè lendi 23 septanm 2024 la.

Share:

11 comments

  1. Ducasse Christopher 25 September, 2024 at 14:26 Reply

    Waw mw vrèman felisite PDG nou papa Loulou Pou bon travay lap fè Pou jèn latoti yo e mw felisite Kòdo lavo ( man pastè Numa) ak lot Kòdo a nan lapwent

    Triboland latoti fonkiyèz

  2. Jeff BERNARD 25 September, 2024 at 22:21 Reply

    Nap raple, inisyativ sila te genyen nan tèt li Madam pastè Numa, Madam Lucienne, Johnkervens e latriye lòt volontye. Yo tout te fè yon feso nan kad pote boure, pou pote yon metye bay jèn yo nan Ba Rivyè yè lendi 23 septanm 2024 la.

    Fondation Triboland Mombin-Crochu

Leave a reply