Yon bandi sangwen tonbe nan nas lapolis nan komin Koray

279
0
Share:
TRiboLAND



12 – 29 – 2024

Koray, Ayiti____TRiboLAND) Lopolis nan komin Koray, arete maten dimanch 29 desanm 2024 la, Victor Johnny alyas “Lam”, manm gang ki gen ramifikasyon ak chef gang kriminèi Babekyou ak yon zam, alib 9 milimèt ak chajè ranpli ak katouch.

Deja, Sèvis depatmantal polis jidisyè a nan Jeremi (SDPJ) sezi dosye a. Selon sa Victor Johnny, alyas Lam rapòte bay lapolis ke li patisipe nan plizyè aksyon kriminèl, bwakaj, kidnapping, vyòl, pou’ n site sa yo sèlman. 

Daprè sa yon sous nan la polis la konfye TRiboLAND, malgre atoufè kriminèl la, Victor Johnny alyas Lam deja temwaye bay lapolis, sa pa anpeche genyen politichyen zagoloray, gang kravat kap bay Direktè polis Grandans lan presyon pou libere Lam yon fason pou li pa ta defere bay pakè. ‎


Share:

Leave a reply