Vyolans gang yo nan peyia etèn souf lavi yon lòt polisye

829

04 – 12 – 2024

Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Pierre Fritz Chenet se non yon polisye 28è pwomosyon ki tonbe anba bal bandi sangwen jounen vandredi 12 avril 2024 la, polisye sila ki tap sot wè yon pwòch li nan Vilaj Solidarite, pran plizyè bal tou pre Lopital Bernard Mevs.

Daprè enfòmasyon sal nouvèl la jwenn nan Sendika Polisye a, SYNAPOHA, Pierre Fritz Chenet tap travay nan èpòt la. Nan kad atak sa, gen yon lòt endividi ki tonbe tou.

Zòn metwopolitèn Pòtoprens lan konnen yon jounen nwa, bandi sangwen sa yo kap opere sou non kowalisyon “Viv Ansanm”, fè divès manèv pou okipe Palè Nasyonal, yon deblozaj fòs lòd yo pat lage bay!‎

Comments are closed.