Gran ouvèti “LAKAY FUN WORLD”, yon mega Sant Atraksyon nan vil Okap, ki fè prèv fyète patriyotik

1,314

12-23-2022

Okap, Ayiti____(TRiboLAND) Vrè ayisyen patriyòt ki genyen peyi Dayiti sou kè yo pa sispann jème espwà nan kè sa yo ki kontinye malgre tou rete kwè lakay se lakay. Konsa, nan mitan yon dezè dezespwa ak kalamite tout kalite, LAKAY FUN WORLD, yon mega Sant Atraksyon ou Pak Pou Jwe, ki pa gen anyen pou avye oken lòt Sant nan Karaib la.

LAKAY FUN WORLD, malgre li pran nesans nan yon kondisyon ki pa sispann efondre peyi Dayiti, men ki pote espwa ak souri sou vizaj sa yo ki akable anba ensètitud. LAKAY FUN WORLD, envite sa yo ki pa kwè nan Lakay vinn Lakay. Mete yon parèy “Mega Pwojè” sou pye nan moman peyi Dayiti ap fè fas ak pil latriye defi (elektrisite, enfrastrikti woutyè, fenomèn ensekirite tout kalite, grangou ak chomaj, se pa bagay senp. Li mande anpil kouraj ak otodetèminasyon. Se yon “ak” ki depase “Patriyotism”.

Walsonn Sanon ak  Jean Paul   2 antreprenè chevrone e visyonè ki detèmine pou fè etranje a wè SITWAYEN AYISYEN sou yon dimansyon ki pi prolifik, pandan ke yo antre nan yon demach “desantralizasyon” peyi a, ki pa Pòtopwens sèlman. Li enpòtan pou sinyale LAKAY FUN WORLD, nan yon premye tan tap opera nan Kapital ayisyèn nan deja. Avèk yon konsèp ki kwafe tout vi nasyonal la, patikilyèman odyans “chovi” yo ki pa genyen vrèman espas pou distraksyon. Konsa, kontrent politik melanje ak ensekirite tout kalite oblije LFW chanje fizi li epòl.

Vwala! Gran ouvèti ap materialize an granmou jodi vandredi 23 desanm sou Bèlè nan vil Kap ayisyen apati 11:00 zè dimaten pou rive 11:00 nan aswè. Se tout yon machin ki mobilize pou yon parèy sòlòkòtò. Fòs ak mwayen prodiksyon yo deja an pozisyon lansman, selon sa Mesye Sanon ta konfye TRiboLAND. Dènye test operasyonèl ak sekitè yo revele satisfaksyon ou egzijans fonsyonalite yo, yon aspè ki priyotè pou konpayi an. Yon staff kalifye ki konpoze avèk teknisyon e jèn ki afab e ki resevwa fòmasyon apropriye; konsa, sa fasilite yon jenerasyon anplwayabilite.

LFW, fè antre yon seri teknisyen konpetan ki sou men yo e ki supè avanse an matyè ekipman modèn mekanik e teknoloji. LFW pa mete pantalon li pou bèl twàl; kòmanse sou muzik, jwèt konpetitif, Toboggans, Jonglè, Manèj, tren atraksyon, tranpolin pou pyafe anlè, similasyon mouvman, balanswa e latriye, pou mete gete nan lavi fanmiy patikilyèman tinosan yo ki pèdi espwa nan reve sa yap obsève nan lòt peyi. Ou menm kap vizite site kapwaz la; ou menm kap pratike touris entryè, jwèt pou ou! Avèk sèlman yon tikèt (15 dola vèt), ou genyen aksè pou frekante ou eksplore tout kalite estasyon nan LFW.

 Fwa sa pa genyen eskiz! Patriyòt ayisyen nou yo, valorize sa ki lakay, paske “Lakay se lakay” e pye bèf pou pye bèf, pran li kay pratik! Vizite “LAKAY FUN WORLD”, se sipòte tout sa lakay genyen kòm valè, sitou lè yon envèstisè asèpte mal kon mizè envèsti nan pròp peyi li. Ayibobo pou LAKAY FUN WORLD”, yon estrikti ki pa kanmarad nenpòt “Parc de Jeux” nan Karaib la!

Pou enfòmasyon : 509-2946-7070, 509-3204-7070

Enfo : INFO@LKAYFUNWORLD.COM ;

SPONSOR ET VENTE : SALES@LAKAYFUNWORLD.COM

WWW.LAKAYFUNWORLD.COM

KREDI FOTO: SAKAPFET OKAP

Comments are closed.